N ap selebre mwa pou Tè a: kèk djòb ki gen rapò ak anviwònman an nou pral bezwen talè konsa

Kèk djòb ki gen rapò ak anviwònman an nou pral bezwen talè konsa. Senk foto ki montre diferan travayè ki gen diferan metye ki gen rapò ak anviwònman an: yon enstalatè pano solè, yon teknisyen pou eyolyèn, yon chimis, yon enjenyè agrikòl ak yon syantifik anviwònmantal.

Si w ta renmen pousuiv yon karyè ki ede anviwònman an, men kèk metye Biwo Estatistik sou Travay la pral bezwen anpil ant 2022 ak 2032. 

 

Teknisyen sèvis eyolyèn yo se moun ki fè mentnans ak reparasyon sou eyolyèn yo.

Salè mwayen pou ane a an 2022:$57,320

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Sètifika apre lekòl segondè, san diplòm inivèsitè

Kantite pòs an 2022: 11,200

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 45% (pi rapid lontan pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 1,800

 

Enstalatè pano fotovoltayik yo se moun ki monte, ki prepare epi ki fè mentnans sou sistèm ki la pou pwodui enèji apati limyè solèy la, kit sistèm sa yo enstale sou twati, kit yo enstale lòt kote.

Salè mwayen pou ane a an 2022:$45,230

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Diplòm lekòl segondè oswa nivo ekivalan

Kantite pòs an 2022: 29,400

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 22% (pi rapid lontan pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 3,500

 

Byochimis ak byofizisyen yo se moun ki etidye prensip chimik ak prensip fizik òganis ki vivan yo ak pwosesis byolojik yo.

Salè mwayen pou ane a an 2022:$103,810

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Doktora oswa diplòm pwofesyonèl

Kantite pòs an 2022: 34,500

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 7% (pi rapid pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 2,800

 

Enjenyè agrikòl yo se moun ki rezoud pwoblèm ki gen rapò ak distribisyon enèji elektrik, efikasite machin yo, itilizasyon estrikti ak enstalasyon yo, polisyon ak pwoblèm anviwònmantal, ak fason pou estoke e pou trete pwodui agrikòl yo. 

Salè mwayen pou ane a an 2022:$83,260

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Diplòm premye sik nan inivèsite (bachelor)

Kantite pòs an 2022: 1,600

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 6% (pi rapid pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 100

 

Chimis ki espesyalize nan chimi ekolojik yo se moun ki vini ak pwosesis ak pwodui chimik ki bon pou anviwònman an. 

Salè mwayen pou ane a an 2022:$80,670

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Diplòm premye sik nan inivèsite (bachelor)

Kantite pòs an 2022: 87,100

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 6% (pi rapid pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 6,600

 

Enjenyè anviwònmantal yo se moun ki itilize teknik jeni yo pou vini ak solisyon pou pwoblèm ki afekte sante planèt la.

Salè mwayen pou ane a an 2022:$96,530

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Diplòm premye sik nan inivèsite (bachelor)

Kantite pòs an 2022: 47,300

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 6% (pi rapid pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 3,400

 

Syantifik ak espesyalis anviwònmantal yo se moun ki sèvi ak konesans yo genyen sou syans natirèl yo pou pwoteje anviwònman an ak sante moun yo.

Salè mwayen pou ane a an 2022:$76,480

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Diplòm premye sik nan inivèsite (bachelor)

Kantite pòs an 2022: 80,500

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 6% (pi rapid pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 6,900

 

Teknisyen nan syans ak pwoteksyon anviwònman yo se moun ki siveye anviwònman an epi ki travay pou idantifye sous polisyon ak kontaminasyon an.

Salè mwayen pou ane a an 2022: $48,380

Nivo etid pou moun k ap kòmanse: Diplòm inivèsitè debaz (associate)

Kantite pòs an 2022: 35,000

Kwasans yo prevwa ant 2022 ak 2032: 6% (pi rapid pase mwayèn nan)

Kantite pòs ki pral ouvri (mwayèn chak ane ant 2022 ak 2032): 3,800

 

 

Dekouvri metye sa yo ak plizyè santèn lòt metye nan ti liv sou travay nou pral bezwen yo. Ti liv sa a disponib sou Entènèt oubyen ou kapab telechaje li sou aplikasyon CareerInfo a, ki disponib sou aparèy iOS yo ak lòt aparèy. 

 

Sofia Laycock ak An Nguyen se ekonomis k ap travay pou Biwo Estatistik sou Travay la. Suiv BLS sou X nan @BLS_gov.