Leve kanpe pou anpeche moun tonbe

De fi k ap travay nan konstriksyon ki pote ekipman pwoteksyon pou yo pa tonbe, tankou kas pwoteksyon, senti sekirite ak lòt ekipman ankò.

 

Chit se toujou youn nan prensipal rezon ki fè moun mouri nan endistri konstriksyon an. Selon Biwo Estatistik sou Travay la, an 2022, 865 moun te mouri poutèt yo te glise, yo te bite oswa yo te tonbe. Malerezman, 700 nan moun sa yo te tonbe sot yon kote ki wo, pa egzanp sou nechèl oswa sou tèt kay. Sa vle, an mwayèn, se prèske de travayè ki mouri chak jou poutèt yo tonbe sot kote ki wo. Estatistik sa a trakase nou anpil, nou menm k ap travay nan Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la, epi li montre chak konpayi ki nan endistri a dwe poze aksyon pou anpeche malè sa yo rive.   

Patisipe nan evènman tankou pwogram ki rele National Safety Stand-Down to Prevent Falls in Construction nan ka ede anpil moun pran konsyans de danje ki mache ak chit yo epi li ka ranfòse pratik sekirite nan travay yo pou anpeche moun blese oswa mouri.

Anplwayè yo jwe yon wòl ki enpòtan anpil pou aplike mezire sekirite yo. Byenke chak aksidan diferan, genyen twa bagay tou senp yo menm ak ou menm ka fè pou evite jan de malè sa yo.

  1. Planifye aktivite yo pou travay la ka fèt an sekirite. Anplwayè yo ak moun k ap sipèvize travay ki fèt kote ki wo yo ta dwe planifye pwojè yo alavans epi reflechi sou kesyon sekirite a depi yo kòmanse prepare pwojè yo. Pa egzanp, si sifas la glise oswa si gen anpil van, èske travay la oblije fèt nan moman sa a? Ki sa ki ka fèt pou redui danje yo?

    Egzamine chantye a alavans pou idantifye nenpòt danje oswa obstak ki ka parèt. Bay sekirite a priyorite depi nan etap planifikasyon an pou pèmèt ekip yo adapte yo epi fè lòt aktivite oswa itilize lòt resous si sa nesesè.     

  2. Bay travayè yo ekipman yo bezwen an. Lè gen yon risk pou travayè a tonbe, li dwe gen zouti ak ekipman ki apwopriye yo pou kondisyon travay li yo. Bay travayè yo ekipman pou anpeche yo tonbe ki respekte nòm sekirite yo, tankou sistèm atach, balistrad, echafoday, sistèm anti-chit pèsonèl (PFAS) ak senti sekirite ki byen ajiste.

    Epi pa bliye, yon ekipman pwoteksyon ki fèt pou yon gason gendwa pa byen ajiste pou yon fi oswa li ka pa pwoteje yon fi kòmsadwa. Chak travayè konstriksyon, kèlkeswa sèks li, wotè li oswa gwosè li, ta dwe gen yon ekipman sekirite ki byen ajiste. 

  3. Bay tout moun fòmasyon. Chak travayè dwe resevwa yon fòmasyon pou l itilize ekipman l lan pou l fè travay li an sekirite. Fòmasyon an dwe gen ladan l pratik sekirite yo, machasuiv pou ka ijans yo ak itilizasyon ekipman ki apwopriye yo, epi li dwe fèt nan yon langaj yo konprann. Imajine yon sitiyasyon kote yo tande yon manadjè k ap bay yo fòmasyon ki di yo konsa, “Make sure you tie-off” lè y ap travay yon kote ki wo. Lè konsa, li posib pou travayè yo panse sa vle di “take the tie off” epi yo retire yon kòd yo gen sou yo olye yo asire yo kòd la byen mare yon kote k ap anpeche yo tonbe. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou byen kominike avèk travayè yo pou yo ka fè travay yo an sekirite epi yon fason ki efikas.

    Se pou w toujou gen yon plan pou bay anplwaye yo sekou si yo tonbe oswa pou w esplike anplwaye yo ki jan yo ka bay tèt yo sekou.

Nou dwe fè plis pou nou pwoteje travayè sa yo.  Anplwayè yo ak sipèvizè yo ta dwe bay yon bon egzanp nan domèn sekirite a. Ankouraje travayè yo epi motive yo pou yo respekte nòm sekirite yo atravè pwogram sekirite k ap fè konpayi a gen yon kilti kote tout moun panse ak sekirite a e kote anplwaye yo jwenn rekonpans lè yo fè pati pa yo pou ranfòse sekirite a nan travay la. 

Annou travay ansanm pou anpeche moun tonbe e pou fè tout moun sonje yo dwe bay sistèm jesyon sekirite yo priyorite. Bagay sa yo tou senp, men yo ka gen yon gwo enpak pou sove lavi anpil moun. 

Mete sou pye pwòp pwogram stand-down pa w oswa patisipe nan konvèsasyon sa a sou Entènèt ak #StandDown4Safety. Suiv OSHA sou Twitter/X nan @OSHA_DOL epi sou LinkedIn pou jwenn plis enfòmasyon pou pwoteje travayè yo nan travay yo. 

 

Jose Herrera se yon espesyalis sekirite ak sante nan travay ak yon espesyalist fòmasyon sou sekirite nan lang panyòl pou OSHA.