Bay fi yo jarèt grasa metye mànyèl yo

Sekretè tanporè pou Depatman Travay la ak Kilah Engelke k ap souri devan yon zòn gri ki dèyè yo e ki di konsa “WRTP, Big Step. N ap prepare chemen an.”

Administrasyon Biden-Harris la te mete sou pye yon pwogram ki rele Envesti nan Amerika. Pwogram sa a gen yon enpak sou anpil kominote nan peyi a, soti Pittsburgh rive Las Vegas, soti San Francisco rive Charlotte, soti Eugene rive Lansing.

Nan Milwaukee, Julie Su, ki sekretè tanporè pou Depatman Travay la, te anonse 1,5 milyon dola kòm sibvansyon pou Wisconsin Regional Training Partnership/Big STEP, k ap travay pou gen plis divèsite ak plis konpetans nan mitan travayè yo nan zòn nan. Kòb sa a pral sèvi pou yon pwogram pre-aprantisaj pou machin elektrik yo.

Pandan li te nan zòn nan, sekretè tanporè Su te rankontre Kilah Engelke, ki te kòmanse karyè li nan yon metye mànyèl. Kounye a li se yon manm Wisconsin Regional Training Partnership la, li se fondatris EmpowHER epi l ap travay pou l ede lòt fi aprann yon metye mànyèl. Li istwa li ak konsèy li genyen pou lòt fi.

Ki jan ou te aprann yon metye mànyèl?

Bòpè m te yon estimatè pou yon gwo konpayi ki konstwi wout an beton. Pandan sezon chalè a, li te konn mete m ak frè m yo nan ekip travay li yo. Vini yon lè, mwen te deside fè yon poz nan lekòl la pou m deside ki sa m t apral fè. Konsa, mwen te kòmanse yon aprantisaj antanke bòs mason ki travay ak siman epi mwen te vin fè pati OPCMIA. Apre mwen te gradye antanke travayè, mwen te kòmanse patisipe plis nan aktivite sendika a. Apre kèk tan, mwen te pote tèt mwen volontè pou m travay antanke kowòdinatris aprantisaj ak fòmasyon lokal la. Mwen te aksepte pòs sa a an 2011 epi mwen fè pati ekip la depi lè sa a. An 2018, mwen te prezante kandidati mwen epi yo te chwazi m kòm ajan biznis ak sekretè. Se travay sa a m ap fè jiska prezan pou m sèvi manm sendika yo. 

Ki eksperyans ou fè antanke fi ki gen yon metye mànyèl?

Eksperyans mwen fè antanke fi ki gen yon metye mànyèl se yon eksperyans ki te gen yon gwo enpak sou tout lavi mwen. Li te pèmèt mwen reyalize rèv mwen, sere kòb pou retrèt mwen epi jwenn posiblite pou resevwa bonjan swen medikal. Mwen kontan anpil dèske mwen te gen posiblite patisipe nan bati kominote kote mwen rete a. Lèfini, moun yo te toujou respekte m nan ekip mwen te ladan yo. Se yon bagay ki fè mwen santi m fyè e ki fè kè m kontan. Anvan mwen te kòmanse fè travay sa a, mwen pa t menm konnen si aktivite sa a se yon travay, men kounye a, mwen pa ka imajine lavi mwen ni travay mwen okenn lòt fason.

Ki enpak travay sa a te genyen sou lavi pèsonèl ou?

Travay sa a fè m gen konfyans nan tèt mwen poutèt li pèmèt mwen rete kalifye epi rete aktif. Li pèmèt mwen sèvi ak talan fizik mwen yo, li fè m devlope lòt konpetans epi li fè m jwenn plis konesans sou syans materyo mwen travay avè l la, sètadi beton an, ki se yon materyo ki toujou ap evolye. Pa janm gen limit sou sa mwen kapab aprann. Toujou gen lòt fason mwen ka grandi. Toujou gen nouvo defi mantal. Nòmalman, toujou gen nouvo defi fizik tou. Mwen fè yon pakèt kòb antanke bòs mason. Mwen gen pwòp kay mwen, mwen gen bèl machin, mwen te fè anpil bèl eksperyans nan lavi mwen, mwen ka fonksyone poukont mwen epi mwen pa bezwen lòt moun pou okipe m. Lèfini, mwen sere kòb pou retrèt mwen epi mwen gen pi bon swen medikal ki disponib yo. Bagay sa yo fè pati salè mwen touche a.  

Èske ou santi enpak envestisman administrasyon Biden-Harris la genyen sou travayè Wisconsin yo?

Mwen santi tout enpak envestisman yo fè nan travayè Wisconsin yo. N ap travay di pou tout kalite moun ka jwenn travay nan pwojè ki pral transfòme kominote kote nou rete yo. Sa nou vle, se pou moun k ap travay sou chantye yo se menm moun k ap viv nan kominote sa yo tou. Gen anpil efò k ap fèt pou tout bagay sa yo vin yon reyalite. Antanke reprezantan pou metye mànyèl yo, mwen konnen gen anpil moun ki enterese nan nou. Sa ki enpòtan, se pou fanmi yo ka jwenn salè ki pèmèt yo viv e pou moun yo jwenn fòmasyon ki pèmèt yo touche pandan y ap aprann. Mete sou sa, ni travayè yo, ni manadjè yo, ni gouvènman an ni endistri a enterese pou envesti nan moun yo, pou travayè yo ka konpetan e pou ekip yo ka fè travay yo byen.

Ou te ouvri yon chemen pou fi yo ka travay nan metye mànyèl yo nan Wisconsin. Ki konsèy ou ta bay lòt fi ki ta renmen jwenn yon metye mànyèl? 

Pou fi ki anvizaje travan nan metye mànyèl yo, mwen ta di kwè nan tèt ou, devlope pwòp konpetans ak konesans ou yo, epi konnen ou gen dwa pou w la menm jan ak nenpòt lòt moun. Poze kesyon, travay di, adapte w ak sitiyasyon ou rankontre yo, epi pa kite panse negatif fè w bliye rezon ki fè ou la: ou la pou fè yon bèl travay, pou fè yon pakèt kòb, pou w ka fyè de tèt ou e pou w ka fyè de travay w ap fè a. Travay ansanm ak lòt fi ki toupatou, paske toujou gen plis fi ki vin travay e ki gen yon enpak sou nou. Lè w vin maton nan sa w ap fè a, lè ou santi w alèz nan san w ap fè a, lonje men w epi bay fi ki dèyè w la yon koutmen. Nou tout se sè nou ye!

Pou dekouvri opòtinite aprantisaj ki disponib nan zòn ou, ale sou apprenticeship.gov.