Nou tout gen menm responsablite: travay pou reyalize objektif ERISA a

50yèm ane depi Lwa sou Sekirite Revni Retrèt pou Anplwaye a egzisteAne sa a, se 50yèm anivèsè Lwa sou Sekirite Revni Retrèt pou Anplwaye a (Employee Retirement Income Security Act, oswa ERISA). Yo te vini ak lwa ERISA a an 1974. Li te gen yon gwo enpak paske li te transfòme fason yo te kontwole plan benefis yo nan konpayi ki nan sektè prive a epi li te bay travayè ameriken yo pwoteksyon yo te bezwen an. Byenke gen anpil bagay ki chanje nan 50 ane ki sot pase yo, Administrasyon pou Sekirite Benefis pou Anplwaye a (Employee Benefit Security Administration, EBSA) toujou gen menm angajman. Nou kontinye ap travay di pou prepare règlemantasyon ki efikas, pou ede patisipan yo, pou edike fidisyè yo ak travayè yo, epi pou fè aplike lwa ki anvigè yo.

Travay nou fè avèk plan sante ak plan retrèt konpayi yo ofri nan sektè prive a gen yon enpak sou 153 milyon travayè ameriken ak fanmi yo, kèlkeswa laj yo, depi anvan yo fèt jiskaske yo mouri. Pou nou rive fè sa, nou bay enfòmasyon, nou ede konpayi yo respekte obligasyon yo epi nou fè aplike lwa yo nan domèn sa yo:

  • ajoute yon timoun ki fèk fèt oswa yon nouvo mari oswa madanm nan plan sante w 
  • plan sante pou tout etap nan lavi a 
  • epay retrèt

Nou pèmèt ou wè retrèt kòm yon bagay ou ka tann ak kè kontan epi, lè ou rive nan laj pou w sispann travay, nou ba w posiblite pou w jwi retrèt ou an sekirite. Nou ede w jwenn benefis sante, benefis retrèt ak lòt benefis ki disponib nan travay ou lè ou bezwen yo. Nou esplike w kisa sa vle di lè se anplwaye yo ki pwopriyetè yon konpayi si travay ou ofri posiblite sa a oswa si w anvizaje fè yon tranzisyon nan biznis ou. Epi nou fè anpil lòt bagay ankò.

Nan tout peyi a, konseye pou benefis nou yo reponn kesyon moun yo genyen sou benefis nan travay la nan plis pase 105 lang. Èd EBSA a bay gratis, li konfidansyèl epi li disponib pou tout moun, kèlkeswa estati imigrasyon yo. Ane pase, konseye pou benefis EBSA yo te reponn plis pase 197,000 kesyon epi yo te resevwa 444.1 milyon dola kòm benefis pou travayè yo ak fanmi yo.

Objektif nou se pou TOUT Ameriken yo konnen EBSA egziste, li ka ede yo epi li ka pwoteje yo grasa lwa ERISA a. Sa pa valab pou moun ki pale anglè yo sèlman. Nan ane fiskal ki sot pase a, nou te òganize plis pase 300 evènman sansibilizasyon nan lang ki pa anglè nan tèt ansanm avèk òganizasyon nasyonal ak òganizasyon lokal pou nou ede kominote ki pa jwenn ase sèvis yo gen plis konfyans nan nou. Epitou, nou te sèvi ak rezo sosyal yo epi nou te itilize lòt aktivite maketing pou touche kominote sa yo. Nou te travay avèy medya yo nan tout peyi a epi nou te fè antrevi nan lang anglè, panyòl ak vyetnamyen. Nou te fè anpil pwogrè pou n touche kominote ki pa jwenn ase sèvis yo epi n ap pousuiv efò sa yo ak anpil dilijans.

Byenke ajans nou an chanje anpil nan 50 ane ki sot pase yo, gen yon bagay ki toujou menm jan: nou kolabore avèk lòt patnè federal, nan Eta yo oswa nan nivo lokal la, pou mennen diferan aktivite, tankou prepare règlemantasyon ak rekòmandasyon, òganize kanpay sansibilisasyon oswa bay edikasyon. Pa egzanp, nou gen yon patenarya ki la depi lontan ki pèmèt nou ede travayè ki vilnerab yo dirèkteman. Grasa pwogram Rapid Response lan, EBSA travay avèk yon seri patnè nan sistèm envestisman nan travayè yo, nan Eta yo oswa nan nivo lokal la, pou bay travayè yo anpil sèvis ak resous k ap ede yo fè fas ak efè yo sibi yo lè yo revoke yo. Pwogram sa a ede EBSA bay travayè yo enfòmasyon ki pèmèt yo pran desizyon pou kenbe plan sante yo lè yo bezwen fè sa. Ane pase, nou te patisipe nan 751 sesyon repons rapid.

Pandan pandemi COVID-19 la, EBSA te pase alaksyon epi, grasa sibvansyon pou prim COBRA ki te disponib anba American Rescue Plan nan, li te ede fanmi yo kenbe asirans sante yo pandan peryòd sa a ki te bay anpil strès ak twoublay. Pandan pandemi an, te gen plis moun ki te vin sibi kriz sante mantal Ozetazini. Nou te reyaji epi nou te kore lwa ki mete sante mantal nan menm nivo ak sante fizik, sètadi lwa ki egzije pou plan yo ofri benefis sante mantal ak benefis pou twoub abi sibstans menm fason yo ofri benefis medikal/chirijikal.

Sa pa gen lontan, yon fanmi te kontakte youn nan konseye pou benefis nou yo poutèt li pa t rive jwenn yon lopital nan rezo plan l lan pou fè pitit fi li jwenn yon tretman sante mantal. Etandone swen yo te chè anpil deyò rezo a, fanmi an te oblije pran yon dezyèm ipotèk sou kay la. Nou te fè fanmi sa a jwenn yon eksepsyon anba plan sante mantal la epi fanmi an te resevwa yon ranbousman ki plis pase $200,000. Sa te pèmèt li peye dezyèm ipotèk li a nèt.

Yon lòt patisipan nan yon plan sante te deklare èd nou te ba l la te “yon gwo mirak.” Li te mande plan sante l la bay yon otorizasyon alavans pou yon grèf kè li te vrèman bezwen, men plan sante a te refize. Lè sa a, li te kontakte nou. Yon semèn apre li te kontakte nou, nou te ede l jwenn apwobasyon li te bezwen an pou entèvansyon an.

Yon lòt konseye pou benefis t ap chèche yon mesye pou fè l konnen li te gen dwa pou jwenn yon benefis pansyon chak mwa nan men anplwayè li te konn travay pou li a. Konseye a te voye yon lèt nan dènye adrès li te genyen pou li a, sètadi nan yon chèltè pou sanzabri nan Michigan.  Kounye a, grasa tout efò nou te fè pou jwenn li, li touche yon pansyon $711 chak mwa, anplis yon kòb ki plis pase $82,000 li te resevwa yon sèl kou. Sa pèmèt li planifye sa li bezwen pou l jwenn yon lojman pèmanan.

Se jan de bèl eksperyans konsa ki montre travay n ap fè a chanje lavi moun. Nan 50 ane ki sot pase yo, nou te akonpli anpi bon bagay paske nou te travay ansanm avèk kominote ERISA a. Nou espere n ap ka kontinye travay ansanm pou yon lòt 50 ane. Bòn anivèsè pou tout moun ki te travay pou atenn objektif ERISA a, epi bòn anivèsè tou pou tout moun ki jwenn amelyorasyon nan lavi yo grasa travay sa a.

 

Lisa M. Gomez se asistan sekretè pou Administrasyon pou Sekirite Benefis pou Anplwaye a nan Depatman Travay la.