Travay nan tèt ansanm pou ranpli misyon ERISA a

Twa moun k ap travay nan biwo ki chita sou tab e k ap egzamine yon dosye.

Lè yo te vini ak Lwa sou Sekirite Revni Retrèt pou Anplwaye a (Employee Retirement Income Security Act, oswa ERISA) sa gen 50 an, objektif la se te korije fot ak abi moun ki te responsab plan pansyon prive yo te konn fè. Apre plizyè ane, ERISA a te vin aplike nan lòt domèn ankò, non sèlman pou benefis retrèt yo, men tou pou benefis sante yo ak anpil lòt benefis anplwaye yo konn jwenn nan plan konpayi yo ofri nan sektè prive a.

Pou ranpli misyon li, sètadi aplike ERISA epi pwoteje benefis sa yo, Administrasyon pou Sekirite Benefis pou Anplwaye a te prepare yon seri règlemantasyon ak lòt rekòmandasyon ki efikas, li te ede epi li te edike travayè yo, esponnsò plan yo, fidisyè yo ak konpayi oswa moun ki bay sèvis yo, epi li te fè anpil efò pou fè aplike lwa yo. Ofiramezi ERISA chanje nan ane ki pase yo, EBSA te adapte l tou pou fè fas ak chanjman ak nouvo defi ki parèt yo. Nou pa t ap janm ka reyisi san patnè nou yo ak lòt moun ki travay avèk nou.

Okòmansman, EBSA te yon pwogram pansyon ak sèvis sosyal, men kounye a, nan 21yèm syèk la, li se yon ajans ki anba otorite kabinè gouvènman federal la. Pandan tout tan sa a, li te travay avèk anpil manm kominote benefis la, san wete moun ki patisipe nan tout sa ki gen rapò avèk plan benefis nan konpayi yo, pou mennen anpil diferan aktivite ki mache ak misyon nou.

Lè n ap chèche tabli règ ki efikas pou atenn objektif ERISA yo, li enpòtan anpil pou nou pran opinyon moun ki nan kominote benefis pou anplwaye yo an konsiderasyon. Tout moun ki konsène yo gen posiblite fè kòmantè pandan peryòd nou prevwa pou fè kòmantè yo, nan odisyon piblik yo oswa nan pwosesis poze kesyon sou fason règlementasyon yo pral aplike pou ede konpayi yo respekte oligasyon yo. Lè moun sa yo ban nou bonjan enfòmasyon, yo jwe yon wòl ki enpòtan ki pèmèt nou reyisi.

Se vre, kapab gen kèk inisyativ EBSA ak patnè l yo mennen san anpil moun pa okouran. Sepandan, yo tout jwen yon wòl ki esansyèl pou pwoteje benefis yo e pou ede patisipan yo. Pa egzanp:

  • Abandoned Plan Program nan se yon pwogram ki te kòmanse an 2006. Li travay avèk bank ak lòt enstitisyon finansye pou ede travayè yo jwenn benefis retrèt yo. Pwogram nan bay rekòmandasyon pou kanpe plan ki abandone yo. Li ede enstitisyon finansye ki genyen kòb ki soti nan plan ki abandone yo pou yo distribye benefis yo bay patisipan yo ak benefisyè yo. Depi 2006, grasa travay nou fè avèk enstitisyon finansye ki patisipe nan pwogram nan, nou te ede likide 11,027 plan ki abandone, nou te trete 14,903 aplikasyon epi nou te distribye 614.5 milyon dola kòm benefis retrèt ki soti nan 95,505 kont endividyèl. 
  • Terminated Vested Participant Project la se yon pwojè ki te kòmanse an 2015 nan biwo rejyonal nou nan vil Philadelphia. Pwojè sa a te etann nan tout peyi a an 2017 epi, avèk avoka rejyonal pou Depatman Travay la nan Philadelphia, li te mete sou pye yon seri machasuiv ki te oblije plan benefis pansyon yo bay patisipan ki kanpe yo enfòmasyon sou sa yo te dwe atann nan men plan retrèt yo te genyen nan konpayi yo e pou yo te ka aplike pou jwenn benefis ki soti nan plan sa yo. Ant 2017 ak 2023, pwojè a te pèmèt plis pase 57,000 ansyen patisipan ak benefisyè plan pansyon jwenn plis pase 6.5 milya dola kòm benefis yo pa t ap resevwa si sa pa t fèt konsa.
  • EBSA te travay nan tèt ansanm avèk American Institute of Certified Public Accountants lan ak Financial Accounting Standards Board la pou mete rekòmandasyon pou pwofesyonèl yo ajou, pou echanje konesans e pou bay konsèy ekspè. Sa te pote amelyorasyon nan kalite verifikasyon plan benefis pou anplwaye yo. 
  • Epitou, EBSA te travay avèk Depatman Trezò a ak Administrasyon Fiskal la (IRS) pou ede moun yo fè ekonomi pou retrèt yo. Nan travay sa a nou te fè nan tèt ansanm, nou te vini ak kèk dispozisyon pou kotizasyon otomatik ak envestisman pa defo pou ede plis travayè kòmanse fè ekonomi pou retrèt yo pi bonè.

Yon lòt pati ki enpòtan anpil nan misyon nou se travay sansibilizasyon ak edikasyon an, ki ede moun yo konnen epi konprann dwa ak responsablite yo genyen yo anba ERISA. EBSA te prepare kèk kanpay edikasyon ki sible avèk yon seri patnè ki maton nan domèn sa a. Sa te ede nou touche moun nou te vle sansibilize yo, tankou pwopriyetè ti biznis ak konpayi ki bay sèvis pou plan yo. Sa gen ladan l esplike pwopriyetè ti biznis yo ki responsablite fidisyè yo genyen parapò ak plan retrèt yo epi ede yo respekte tout dispozisyon sou benefis sante yo ki fè pati ERISA. Mete sou sa, nou te fè plis efò pou ede yo konprann ki dwa ak responsablite yo genyen nan domèn benefis sante mantal ak benefis pou abi sibstans. Nou te travay anpil avèk diferan manm kominote yo pou gaye enfòmasyon sa yo, sitou nan kominote ki pa jwenn ase sèvis yo. Sa ki te ede nou reyisi se reyini tout ekspè yo pou mete tout enfòmasyon ki nesesè yo yon sèl kote. Sa gen ladan l travay avèk lòt ajans federal, tankou IRS, Depatman Sèvis Sante ak Sèvis Sosyal la, ak Divizyon Salè ak Èdtan an, avèk gouvènman Eta yo, tankou komisè asirans pou Eta yo, ansanm avèk plizyè òganizasyon ki ekspè nan sektè yo, tankou AICPA, Society for Human Resource Management ak anpil lòt òganizasyon ki te ban nou yon gwo koutmen. 

Patnè nou yo, kit yo nan Eta yo, kit yo nan gouvènman federal la, ede nou fè aplike lwa yo pou yo ka gen yon gwo enpak sou lavi travayè yo ak fanmi yo. Pandan ane fiskal 2023 sèlman, EBSA te resevwa 1.435 milya dola kòm peman dirèk pou plan yo, patisipan yo ak benefisyè yo. 

  • An 2016, biwo rejyonal EBSA a nan New York ansanm ak Biwo pou Swen Sante ki anba otorite Pwokirè Jeneral Eta New York la te jije United Behavioral Health ak yon konpayi ki afilye avè l, United HealthCare, te pase ERISA ak Lwa sou Egalite Swen Mantal ak Swen pou Adiksyon an anba pye lè yo te redui to ranbousman yo pou sèvis sante mantal manm yo te jwenn deyò rezo a, lè yo te idantifye patisipan ki resevwa tretman sante mantal pou egzamine ki sèvis y ap itilize, lè yo te refize anpil peman ak lè yo te manke bay plan yo ak patisipan yo ase enfòmasyon. Konpayi swen sante yo te peye 15.6 milyon dola epi yo te korije sitiyasyon an.
  • An 2017, biwo rejyonal nou yo nan vil Chicago, Atlanta ak San Francisco te ouvri yon ankèt sou yon aranjman sèvis sosyal pou plizyè anplwayè (multiple employer welfare arrangement, MEWA) ki te gen diferan non, tankou AEU Holdings ak LLC Employee Benefit Plan, e ki te kouvri anviwon 14,000 patisipan ak benefisyè ki te travay pou plis pase 560 anplwayè nan 36 Eta. Yo te konstate plan AEU a te depoze kotizasyon anplwaye yo ak kotizasyon anplwayè yo nan de kont aletranje, nan zile Bèmid yo. Konsa, yo te manke peye plis pase 26 milyon dola yo te sipoze peye pou demann ranbousman medikal. Nan aksyon ki te fèt devan tribinal yo, nou te jwenn plis pase 14 milyon dola pou peye pou demann ranbousman ki pa t peye yo e pou ranbouse depans anplwaye yo te fè ak pwòp lajan pa yo. EBSA te pran mezi pou okenn konpayi pa chèche jwenn kòb nan men patisipan yo pou dèt yo te genyen sou demann medikal ki pa t peye yo epi, pou premye fwa nan istwa li, li te voye yon òdonans sesasyon ak abstansyon (cease and desist order) pou anpeche yo ofri MEWA bay nouvo anplwayè e pou okenn nouvo anplwayè pa enskri ladan l.
  • An jiyè 2023, yon ankèt EBSA t ap mennen te debouche nan yon règleman avèk fidisyè yon plan retrèt DST Systems Inc. te esponnsorize, san wete avèk konpayi jesyon envestisman yo a. Yo te aksepte peye plis pase 124.6 milyon dola bay plan retrèt la apre yo te akize yo pou yon vyolasyon devwa fidisyè yo a. Yo te akize yo kòmkwa yo pa t divèsifye aktif plan yo, yo te manke pridans epi yo pa t aji ak fidelite lè yo t ap jere aktif sa yo. Pa egzanp, yo te envesti kòb plan an nan aksyon yon sèl konpayi famasetik. Valè konpayi sa a te ogmante plis pase 45% parapò ak valè aktif plan an, men annapre pri aksyon l yo te tonbe nètale. 

Nan 50 ane ki sot pase yo, travay nou te fè avèk manm kominote benefis pou anplwaye yo te jwe yon wòl ki enpòtan anpil pou ede nou atenn objektif nou tout genyen an. Epoutan, se kòmanse sèlman n ap kòmanse. Nou konnen gen plis travay ki rete pou n fè. Nou espere n ap ka kontinye travay ansanm avè w. Si nou travay nan tèt ansanm, nou kapab reyalize objektif ERISA yo. 

 

Lisa M. Gomez se asistan sekretè pou Administrasyon pou Sekirite Benefis pou Anplwaye a nan Depatman Travay la.