Pa tann yon malè rive!

Yon estèl kote mesaj sa a grave: “Nan memwa ak onè tout travayè ki te pèdi lavi yo nan travay yo.”
Memoryal pou travayè ki mouri yo deyò syèj Depatman Travay la nan Washington, D.C.

Chak ane, an mwayèn, se plizyè dizèn travayè ki mouri akoz yo blese nan Eta Idaho, kote mwen soti a. Sou tout moun ki te mouri yo, genyen sèt ki te gen ant 19 ak 25 lane. Pou anpil nan moun sa yo, se pa anglè ki premye lang yo. Pou prèske mwatye nan yo, se tonbe ki lakòz yo mouri. 

Youn nan travayè ki te mouri yo te yon manèv ki te nan premye jou travay li sou chantye a. Li te tonbe sot nan dezyèm etaj. Li posib pou gwo chalè te jwe yon wòl nan aksidan sa a.

Yon lòt travayè te tonbe sot nan yon twati an metal yo t ap enstale sou yon kay an bwa.   

Yon moun ki te gen 19 lane te tonbe 29 pye nan yon twou sou tèt bilding nan pandan li t ap fè yon travay renovasyon. Patwon l lan fè konnen travayè sa a pa t janm rate yon jou travay epi li te toujou rive bonè.   

Èske ou ka imajine ak ki sa fanmi sa yo ap viv kounye a? Reflechi sou gwo kè kase fanmi sa yo ap genyen kounye a chak lè yo reyini ansanm. 

Gen anpil lòt blesi ki grav ki pa fè pati aksidan kote moun pèdi lavi yo, men poutan yo fè moun andikape epi yo koute chè anpil. Te gen yon travayè ki gen 18 lane yo te mande netwaye kèk moso bwa atè a. Pandan li t ap ranmase yon gwo plak an bwa ki pa t tache atè a e kote pa t gen okenn siy avètisman, li vin tonbe nan yon twou plak an bwa sa a t ap kouvri. Li tonbe prèske 14 pye nan etaj ki anba a. Kounye a jènonm sa a ap oblije viv ak blesi li sibi yo pou rès lavi li. 

Si sa pa t janm rive w oswa si sa pa t janm rive yon moun ou konnen, istwa sa yo ka annik parèt tankou bagay ki rive lòt moun. Men si se te ou? Si se te pitit ou? Mari w oswa madanm ou? Papa w oswa manman w? Zanmi w? Gade kòlèg ou yo ki bò kote w. Kit ou konnen yo byen, kit ou pa konnen yo byen, e si se te youn nan yo ki pati demen? Nan yon sèl bat je. Jis konsa. Pati pou toutan.

Yo te konn pale, yo te konn ri bò kote w, epi kounye a yo pati, ou pa wè yo, ou pa tande yo.

Li enpòtan anpil pou ranfòse sekirite tout moun regilyèman, sitou nan metye ki danjere yo, tankou konstriksyon. Jen se mwa nasyonal pou sekirite a. Se yon bèl okazyon pou verifye si sekirite a se yon valè fondamantal nan lokal kote ou ap travay. 

Souvan, travayè yo (ak manadjè yo) jis eseye fè tout sa yo kapab pou fin fè travay yo. Se pou w gen menm motivasyon pou fè travay la jan li dwe fèt la e pou fè li an sekirite.

Prèske tout malè mwen te temwen yo genyen pwen komen sa yo:

  • Li te FASIL POU EVITE ensidan an.
  • Souvan, travayè yo (ak manadjè yo) jis eseye fè tout sa yo kapab pou fin fè travay yo. Se pou w gen menm motivasyon pou fè travay la jan li dwe fèt la e pou fè li an sekirite.
  • Prèske pa gen okenn planifikasyon ni okenn refleksyon ki fèt anvan moun yo kòmanse yon aktivite ki gen risk ladan l.
  • Moun yo pran abitid koupe nan kalite a pou fè travay la.
  • Tout moun ki enplike yo te panse (kit yo te konsyan de sa, kit yo pa t konsyan de sa) risk la te akseptab. Ki sa yo t ap panse de risk la kounye a?

Li nesesè pou ranfòse bon pratik yo toutan pou nou pa kòmanse travay kè pòpòz. Sa gen ladan l kreye yon kilti kote gen konvèsasyon regilye sou kesyon sekirite a, kote nou òganize fòmasyon sou kalite a epi kote chak moun jwen yon wòl pou idantifye e pou korije danje yo nan travay la. Kanpay OSHA ki rele Safe + Sound lan genyen yon seri bèl resous ki ka ede w.

Sa vo lapenn pou pran kèk minit pou planifye aktivite yo e pou deside ki aksyon k ap asire sekirite a. Souvan, se lè yon malè rive nou sonje sa ki pi enpòtan ak bagay piti nou te ka fè pou evite sa. Pa tann yon malè rive!

Anfèt, nou tout ap eseye fè chemen nou, okipe fanmi nou, bati yon bagay n ap santi nou fyè de li, epi sa ki pi enpòtan toujou, retounen lakay nou sennesòf. Pa jwe ak lavi w. Toujou rete pridan epi toujou aji yon fason ki bon pou sekirite w nan travay la. Toujou fè sa.

➡️ Mete sou pye oswa amelyore pwogram sekirite nan travay ou a jodi a.

 

Dave Kearns se direktè zòn pou Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la nan Depatman Travay Etazini an nan vil Boise, Idaho. Suiv OSHA sou X/Twitter nan @OSHA_DOL ak sou LinkedIn.