Yon plan pou adopte yon konduit biznis ki responsab

A smiling woman in a dress and straw hat picks peppers.
Yon fi ki gen yon chapo pay, k ap souri epi k ap keyi piman - Kredi pou foto a: artiemedvedev

Sa gen twazan, yon sipèvizè te asasinen yon fi ki fè pati gwoup yo rele Dalit la ki t ap travay pou li nan yon faktori kote yo fè rad nan peyi End. Kòlèg li yo pa t tann pou konpayi a reyaji. Yo te met tèt yo ansanm, yo te kontakte plizyè gwo konpayi mòd entènasyonal, epi yo te mete sou pye yon akò legal ant konpayi ki achte yo, faktori yo ak sendika yo pou idantifye, pou korije epi pou evite pwoblèm vyolans ak tizonnay ki baze sou sèks la kote moun ap travay. 

Yo rele akò sa a akò Dindigil. Inisyativ sa a te kreye plizyè òganizasyon endepandan, li te fòme yon seri fi pou yo sèvi antanke monitè nan faktori yo epi li te bay yo kèk pwoteksyon pou pèmèt yo aji tousuit, san yo pa pè pou yo fè vanjans sou yo, lè gen ka vyolans ak tizonnay ki baze sou sèks. Akò sa a te pèmèt yo jwenn kèk sistèm yo ka fè konfyans pou regle jan de sitiyasyon sa yo. Mete sou sa, li te bay konpayi yo obligasyon pou yo rezoud pwoblèm yo epi pou yo bay travayè yo kèk mwayen pou yo jwenn dedomajman.

Pou 2026, yo prevwa pou konpayi yo depanse plis pase 27 milya dola chak ane pou fè odit sosyal volontè pou rapòte abi yo fè sou anplwaye yo nan chenn apwovizyònman yo. Sepandan, pa gen okenn odit ki te ka anpeche trajedi ki te pase nan peyi End lan. An 2013, faktori Rana Plaza a te tonbe nan peyi Bengladèch. Aksidan sa a te touye plis pase 1,100 travayè kèk jou sèlman apre yo te fè yon odit kote yo te di pa gen okenn pwoblèm nan bilding lan. Malerezman, menm lè yo mande òganizasyon ki endepandan fè odit sa yo, yo pa toujou atenn objektif yo. 

Screenshot of the "Responsible Business Conduct and Labor Rights InfoHub" webpage. The main image is of workers wearing blue uniforms using sewing machines in a garment factory.
Paj akèy pou sant enfòmasyon sou konduit biznis ki responsab ak dwa travayè a.

Nou panse biznis yo kapab epi yo dwe aji pi byen. Se pou rezon sa a nou vini avèk sant enfòmasyon sou konduit biznis ki responsab ak dwa travayè a. Se yon sant ki gen enfòmasyon, rekòmandasyon ak zouti ki soti nan gouvènman ameriken an ak nan plizyè òganizasyon entènasyonal pou ede konpayi yo respekte dwa travayè yo epi pou ede yo adopte pratik biznis ki responsab nan aktivite yo ak nan chenn apwovizyònman entènasyonal yo. 

Sant sa a fè pati dezyèm plan aksyon nasyonal sou konduit biznis ki responsab gouvènman ameriken an. Administrasyon Biden-Harris la vini ak plan sa a poutèt li kwè biznis yo kapab reyisi pandan y ap aji byen, epi gouvènman yo ta dwe kreye kondisyon ki nesesè yo pou konpayi yo adopte yon konduit biznis ki responsab.

Sant enfòmasyon an bay konpayi yo konesans ak zouti yo bezwen yo pou yo respekte lwa federal yo, règ ajans yo ak dispozisyon komèsyal yo ki gen rapò ak konduit biznis ki responsab la ak dwa travayè yo. Epitou, li pèmèt yo jwenn rapò ak avètisman gouvènman an bay yo byen fasil, konsa yo ka konnen ki nouvo risk ki parèt nan sektè ki pi enpòtan yo. 

Sit la vin ranfòse kèk zouti kontwòl ki la deja, ki se zouti Biwo Afè Travay Entènasyonal la te kreye, tankou chenn pou konfòmite a ak lis pwodui yo fabrike pa mwayen travay timoun oswa travay fòse nou an. Epitou, sant enfòmasyon an montre jan ILAB pran angajman pou ede travayè yo leve vwa yo, ki se yon bagay ki enpòtan anpil pou kontwole sa biznis yo ap fè pou travayè yo.

Through our new Responsible Business Conduct and Labor Rights InfoHub, we're providing companies with the tools for meaningful due diligence in their supply chains.
Yon travayè k ap fè rad nan yon faktori Better Work nan peyi Vyetnam Depatman Travay Etazini an finanse Better Work pou amelyore kondisyon travay yo nan chenn apwovizyònman twal ak rad entènasyonal la. Kredi: Better Work.

Nou ankouraje tout moun, soti nan sosyete sivil la rive nan gwo manadjè yo, pou yo itilize resous, zouti ak nòm legal ki la yo pou yo aji yon fason ki efikas, pou yo fè kontwòl ki nesesè yo epi pou yo ede travayè yo nan chenn apwovizyònman yo egzèse dwa kominote entènasyonal la rekonèt yo genyen yo san yo pa pè pou yo sibi move konsekans pou sa.

Nou antre nan yon nouvo epòk kote konpayi yo dwe respekte nòm yo e kote akò legal ki soutni vwa travayè yo, jan nou wè sa ak akò Dindigil la, kapab sèvi antanke zouti ki efikas e ki pratik. Biznis yo ki anlè chenn apwovizyònman entènasyonal la gen pouvwa pou fè akò sa yo rive tout kote e pou fè yo fonksyone kòmsadwa pou travayè yo ka resevwa priyorite nan nouvo pwosesis ak enstitisyon yo. Sa vle di, non sèlman kreye nouvo pwosesis pou idantifye e pou suiv enpak yo nan chenn apwovizyònman an, men tou aji yon fason k ap fè travayè yo jwenn nouvo rezilta ki pozitif. Sa vle di, non sèlman vini ak sistèm asistans nan telefòn, aplikasyon oswa bwat sijesyon pou travayè yo, men tou respekte dwa yo genyen pou yo mete tèt yo ansanm e pou yo negosye ak konpayi yo.

Grasa sant enfòmasyon sou konduit biznis ki responsab ak dwa travayè a ansanm ak lòt resous, Depatman Travay Etazini an ap bay konpayi yo yon seri zouti k ap pèmèt yo fè kontwòl ki enpòtan yo, defann dwa travayè yo epi pwoteje tout travayè yo.

 

Thea Lee se sou-sekretè adjwen pou afè entènasyonal yo nan Depatman Travay Etazini anSuiv ILAB sou X/Twitter nan @ILAB_DOL ak on LinkedIn.