Travay pou kreye yon ekonomi mondyal vèt pou travayè yo

De fi ki gen gwo chapo pay sou tèt yo k ap fè jaden nan mitan yon pakèt zèb ki wo anpil.
Fi k ap fè jaden nan peyi Nepal.

Imajine yon moun k ap plante diri ak pitit li nan peyi Nepal. Imajine tè yo ki rete san pèsòn pa kiltive yo poutèt inondasyon, lamouson, glisman teren ak gwo chanjman nan ekosistèm yo vin kraze jaden yo. Kiltivatè sa a ak pitit li ka vin oblije deplase chak sezon pou al travay nan fou yo konn fè brik, kote yo estime genyen anviwon 34,000 timoun ki abite kounye a. Plis pase mwatye nan timoun sa yo travay nan fou yo. Yo pa viv tankou timoun ankò epi yo mete lavi yo an danje pou ede fanmi yo jwenn ase kòb pou rete an vi.

Se yon ti apèsi sou sa k ap pase anpil kote nan monn nan. Anfèt, gen plis pase 500 milyon timoun ki viv nan zòn kote gen anpil inondasyon, epi gen plis pase 150 milyon timoun ki viv nan zòn kote gen gwo sechrès. Nan chak ka, anpil fanmi oblije bat dlo pou bè epi yo aksepte travay pou ti kòb tou piti. Anplwayè konnen yo dezespere, konsa yo eksplwate yo.

Biwo Afè Entènasyonal la, ki fè pati Depatman Travay la, ap fè efò pou defann dwa travayè yo toupatou nan monn nan e pou l goumen kont gwo vyolasyon dwa moun, tankou travay timoun, travay fòse ak trafik moun. Li vin konprann gen yon rapò sere ant klima a ak dwa travayè yo. 

Malerezman, lè gouvènman yo vini ak règleman nasyonal pou klima e lè konpayi yo mete sou pye modèl responsablite sosyal ki “vèt”, leplisouvan yo pa pran dwa travayè yo an konsiderasyon. Konpayi ki fonksyone ak enèji pwòp yo, kit se nan endistri otomobil la, kit se nan sektè fabrikasyon telefòn nan, kapab vante tèt yo pou efò yo fè pou devlòpman dirab la, men souvan yo mete travayè yo sou kote nan desizyon y ap pran yo. Akoz sitiyasyon sa a, gen anpil moun ki ret dèyè. Travayè yo ak kominote yo pa rive adopte nouvo modèl yo alòske se yo menm ki sipoze adapte yo epi travay pou goumen kont enpak chanjman klimatik la.

Kounye a, gen yon gwo opòtinite ki egziste, yon opòtinite ki vin yon obligasyon tou: konpayi yo dwe sispann itilize modèl konfòmite sosyal ki pa gen okenn valè e ki jis la pou fè yo parèt bèl devan piblik la, epi yo dwe bay travayè yo posiblite pou yo patisipe nan desizyon yo pran yo. Lè sa posib, konpayi yo ka souskri akò yo pase ant achtè yo, founisè yo ak gwo mak yo, pou angaje tèt yo e pou angaje òganizasyon travayè yo tou, tankou sendika yo. Zouti ILAB ki rele Comply Chain nan ede konpayi yo bay travayè yo sa yo bezwen pou yo jwe yon wòl enpòtan pou idantifye e pou korije vyolasyon dwa travayè yo ak lòt pwoblèm ki egziste nan lokal kote moun ap travay yo. 

Epitou, lè gouvènman yo envesti nan enèji renouvlab, yo dwe itilize sa yo rele “tranzisyon jis” ki santre sou travayè yo, sètadi yo dwe kreye bon travay, nan lokal ki pa gen danje, e kote yo respekte dwa travayè yo. Epitou, travayè ki te deplase yo oswa ki te pèdi travay yo ta dwe benefisye yon pwoteksyon sosyal ki dirab. 

Nan tout konvèsasyon sa yo, ni travayè yo ni òganizasyon travayè yo ta dwe patisipe nan desizyon yo depi nan kòmansman. Rezon ki fè sa se paske lè travayè yo patisipe, yo kapab montre ki kote gen eksplwatasyon epi yo ka negosye ansanm pou yo jwenn pi bon salè ak pi bon kondisyon travay. Lè travayè yo ka defann tèt yo e lè yo touche yon salè ki jis, yo kapab okipe fanmi yo. Yo pa oblije gen kè kase poutèt yo voye pitit yo travay jis pou yo ka jwenn ase pou rete an vi. Sa ka benefisye fanmi yo, epi sa ap pèmèt ekonomi a vin pi djanm pou pi lontan. 

Depatman Travay la pran mezi ki apwopriye pou règleman klimatik yo fonksyone pou fanmi travayè yo nan lemonnantye. Pa egzanp, n ap travay ansanm ak World Education, ki se yon ONG lokal nan peyi Nepal, nan kad yon pwojè 4 milyon dola pou pi byen konprann ki efè chanjman klimatik la genyen nan peyi a sou risk pou konpayi yo itilize travay timoun ak travay fòse. Nan mwa jen, nou pral selebre Jounen Mondyal Kont Travay Timoun yo pa mwayen yon konvèsasyon sou tranzisyon jis la ak kominote mondyal la.

Se vre, règleman klimatik ki santre sou travayè yo pa p fè tanperati yo desann ni yo pa p anpeche siklòn. Sepandan, yo pral ede kominote yo reziste ak chanjman klimatik yo, ede fanmi travayè yo pwoteje timoun yo pou pèsòn pa eksplwate yo, epi bay tout moun yon avni k ap dire kote enèji pwòp la vin yon reyalite.

A boy carries a bundle of wood planks at a construction site.

 

Thea Lee se sou-sekretè adjwen pou afè entènasyonal yo nan Depatman Travay Etazini an. Suiv ILAB sou X/Twitter nan @ILAB_DOL ak LinkedIn.