Bati yon pon pou imigran ak travayè imigran yo

De fi ki chita sou tab pou siyen dokiman. Gen drapo Etazini, Repiblik Dominikèn ak Depatman Travay Etazini an dèyè yo.
Thea Lee, ki se sou-sekretè adwen pou afè entènasyonal yo, ap dirije seremoni siyati a epi Sonia Guzmán, ki se anbasadris pou Repiblik Dominikèn nan, ap patisipe nan seremoni a nan kad pwogram patenarya konsilè nou an.

Mwen te wè jan patenarya depatman an kreye avèk konsila lòt peyi yo kapab gen yon gwo enpak sou lavi travayè yo.

Mwen gen 37 an depi m ap travay avèk Divizyon Sakè ak Èdtan an pou depatman an. Souvan, mwen sonje yon travayè ki te soti Meksik ki te pèdi travay li nan konstriksyon poutèt li te pale avèk youn nan anketè nou yo. Nou te konnen konpayi a te dwe l yon kòb paske yo te revoke l san rezon, men nou pa t konnen ki kote nou te ka jwenn li. Nou te travay avèk konsila Meksik la epi nou te aprann mesye sa a pa t gen kote pou l rete. Li t ap abite anba yon tant li te fè ak sa l te jwenn anba yon pon. Grasa èd konsila a, anketè nou yo te jwenn li epi yo te remèt li yon chèk pou salè yo te dwe l la. Li te sèvi ak kòb sa a pou lwe yon chanm, achte yon nouvo kostim epi jwenn yon lòt travay. 

Depatman Travay Etazini an pran angajman pou ede travayè yo nan tout peyi a konnen dwa yo, kèlkeswa kote yo soti a. Nou fè efò pou n devlope epi kenbe bonjan relasyon ak yon seri patnè nou fè konfyans, tankou konsila peyi etranje, pou fè imigran ak travayè imigran yo konnen yo gen posiblite kontakte nou si yo bezwen èd. Epitou, nou bay ofisye konsilè yo fòmasyon sou lwa travay Etazini yo pou yo ka ede travayè yo lè yo prefere mande konsila peyi yo èd.

Travay nou fè avèk konsila yo pou ede travayè yo se yon travay ki gen yon pakèt enpòtans nan epòk nou an. Tou resaman, yon tribinal federal te deside yon konpayi agrikòl te manke bay travayè l yo sa l te dwe yo plizyè fwa, li te vyole egzijans ki nan pwogram travay agrikòl H-2A a epi li te fè fo deklarasyon. Tribinal la te bay konpayi a lòd pou l peye travayè l yo plis pase 1 milyon dola kòm salè ki anreta ak dedomajman. Kounye a, n ap travay avèk ofisye konsilè meksiken yo nan eta Kalifòni pou idantifye travayè ki afekte yo, kit yo toujou Ozetazini, kit yo retounen Meksik, pou yo ka jwenn salè yo te sipoze resevwa yo.

Yon fi ki gen rad wouj ap siyen yon dokiman sou yon tab ak ti drapo ki reprezante peyi Etazini an ak plizyè lòt peyi.
Priscilla Garcia-Ocampo ap patisipe nan seremoni siyati a nan kad pwogram anplwa, edikasyon ak sansibilizasyon an (Employment, Education, and Outreach (EMPLEO) pou Divizyon Salè ak Èdtan an nan konsila Meksik la ki Los Angeles.

Istwa sa a montre rezon ki fè nou gen yon pwogram patenarya konsilè. 

Anba pwogram sa a ki la depi 20 an, Depatman Travay Etazini an te travay nan tèt ansanm avèk anbasad ak konsila plizyè peyi, tankou Meksik, Gwatemala, Ondiras, Èl Salvadò ak Repiblik Dominikèn, pou travayè ki soti nan peyi sa yo ka jwenn enfòmasyon ak èd yo bezwen an pou egzèse dwa yo genyen pou yo jwenn yon salè minimòn, pou yo touche siplemantè e pou yo resevwa yon pwoteksyon nan lokal kote y ap travay yo pandan yo nan peyi Etazini.

Kou yon anbasad siyen yon kontra patenarya avèk nou, ajans ki responsab pou aplikasyon lalwa nou an kòmanse bay ofisye konsilè yo fòmasyon sou lwa, règlemantasyon ak pwosesis pou depoze plent yon fason ki konfidansyèl ki disponib Ozetazini yo. Biwo lokal nou yo travay avèk konsila ki toupre yo pou esponsorize yon seri evènman sansibilizasyon pou travayè yo, sendika yo, anplwayè yo, legliz yo ak òganizasyon kominotè yo nan diferan moman nan ane a.

Depatman an ap travay avèk konsila yo pou asire l imigran ak travayè imigran ki Ozetazini yo jwenn salè yo merite yo, pou yo ka jwenn konje san yo pa revoke yo, pou yo an sekirite e pou yo ka rete an sante nan lokal kote y ap travay yo, ak plis bagay ankò. Ansanm, n ap kontinye bati pon pou travayè yo ki bezwen nou. Jwenn plis enfòmasyon sou pwogram patenarya konsilè a epi jwenn resous pou travayè imigran yo sou MigrantWorker.gov.

Priscilla Garcia-Ocampo se direktris adjwen pou aplikasyon lalwa pou Divizyon Salè ak Èdtan an nan Depatman Travay la, pou rejyon lwès la. Suiv Divizyon Salè ak Èdtan an sou X nan @WHD_DOL ak sou LinkedIn.