Rezon ki fè lang yo enpòtan pou sekirite ak sante nan travay la

Bay moun enfòmasyon nan lang yo se yon bagay ki pasyone m pèsonèlman antanke direktè kominikasyon pou Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la, epi se yon kesyon ki vin pi enpòtan toujou nan epòk nou an. Poukisa? Paske travayè yo gen dwa epi ka gen yon seri nòm, pwoteksyon ki obligatwa ak rekòmandasyon ki aplike pou byen yo, men si pèsòn pa konnen yo oswa si travayè yo pè pou yo kominike avèk nou, l ap difisil anpil pou nou rive akonpli misyon nou. Anpil travayè ak gwoup pledwaye nan tout peyi a pale avèk nou souvan. Y ap plede di nou gen travayè ki majinalize oswa ki sibi move tretman akoz lang yo pale a, akoz peyi kote yo soti a, akoz estati imigrasyon yo, akoz koulè po yo oswa akoz sitiyasyon sosyo-ekonomik yo.

Mete sou sa, done ki disponib yo montre kapasite pou jwenn enfòmasyon nan lang pa w se yon kesyon ki gen rapò ak sekirite tou. Selon Biwo Estatistik sou Travay la, travayè ki Panyòl oswa ki Latino-Ameriken yo kontinye gen to mòtalite ki pi wo a pami tout gwoup demografik yo, avèk 4.6 moun ki mouri pou chak 100,000 travayè aplentan.

OSHA ap kontinye fè plis efò pou ede travayè yo jwenn enfòmasyon yo bezwen yo nan domèn sekirite ak sante nan yon lang yo konprann. Pa egzanp, nou gen yon lèt enfòmasyon nan lang panyòl sèlman, nou pibliye anons sèvis piblik ki pran an konsiderasyon kilti travayè yo epi nou fè tradui piblikasyon nou yo nan plizyè dizèn langN ap travay di pou n fè yo jwenn enfòmasyon yo bezwen yo.

Tou resaman, mwen te fè yon ti pale sou pwogrè nou reyalize yo ak obstak nou rankontre yo pandan konferans American Society of Safety Professionals la te òganize nan vil Denver. Pandan konvèsasyon mwen te genyan annapre yo, mwen te remake genyen kèk difikilte anpil moun jwenn nan kominote sekirite ak sante a. Men de nan pi gwo difikilte sa yo:

1. Ede moun yo simonte laperèz yo epi ede yo vin gen konfyans. Pou mwen menm, pou kominikasyon an ka efikas, fòk gen konfyans ak kredibilite. OSHA se yon lidè ki kredib nan domèn sekirite ak sante nan travay la. Sepandan, etandone nou se yon ajans gouvènman an, travayè ki gen plis chans pou yo sibi vyolasyon dwa yo pa toujou fè n konfyans. Gen anpil travayè ki refize kontakte OSHA (alòske yo byen konnen ki dwa yo genyen!) paske yo pè yo pou pa revoke yo, depòte yo oswa menm touye yo. Nou bezwen jwenn yon mwayen pou n kominike avèk yo san nou pa mete sekirite yo an danje.

2. Kontakte travayè yo dirèkteman.  Kijan pou n kontakte travayè ki nan jaden yo, nan faktori yo, nan liy tretman endistriyèl yo, nan pyebwa yo, nan rigòl yo oswa nan lòt travay ki gen danje? Epi, menm si n rive kontakte yo, kisa nou sipoze di yo? Kisa yo bezwen nou di yo? Kijan nou ka kominike avèk yo?

Nou dwe vini ak kèk nouvo metòd pou simonte obstak sa yo. Men kèk teknik ki byen mache pou nou. Mwen ankouraje lòt moun itilize yo tou:

  • Koute! Genlè se konpetans ki pi enpòtan nou ka genyen, men se konpetans mwens moun itilize. N ap chèche koute tout kalite opinyon, sitou sa ki negatif yo, paske se la nou konn jwenn opòtinite pou amelyore bagay yo. 
  • Fè lòt moun patisipe epi chwazi yon bon mesaje. Li enpòtan anpil pou jwenn diferan opinyon ak lide anvan ou kòmanse. Pafwa, se pa nou menm ki pi bon mesaje a. Moun yo gen konfyans nan moun ki konprann yo, sètadi moun ki soti menm kote ak yo, ki gen menm kilti ak yo epi ki sanble ak yo. Souvan, travayè nou vle touche yo gen konfyans nan lòt òganizasyon ak moun nan kominote a. Se sa k fè li enpòtan pou nou travay avèk òganizasyon ak moun sa yo pou fè mesaj nou yo pase. Semèn sou dwa travayè yo se yon bèl egzanp kolaborasyon nou te itilize pou gaye mesaj la sou dwa travayè yo. Patenarya sa yo enpòtan anpil pou lang ki pale sèlman yo (oswa lang ki prèske pa gen moun ki ekri yo).
  • Chwazi mo w yo ak anpil atansyon epi pran an konsiderasyon kilti a. Li enpòtan pou w mande si gen kèk faktè kiltirèl ou ta dwe pran an konsiderasyon nan langaj, nan imaj ak nan kad sosyal ou vle itilize yo. Lè sa posib, nou mande moun ki pale menm lang e ki gen menm kilti ak moun nou vle touche yo pou yo evalye mesaj nou prepare yo pou verifye si yo egzak e si yo adapte. 
  • Chèche konnen piblik ou. Se yon bagay ki esansyèl nan chak okazyon. Se pou n chèche konprann sa yo vle aprann nan men nou ak kote/fason yo ta renmen jwenn enfòmasyon sa yo. Pa egzanp, nou te konstate gen plis chans pou travayè yo patisipe nan yon reyinyon sou Zoom pase pou yo itilize yon aplikasyon ki gen rapò ak gouvènman federal la. Nou te rive òganize plizyè reyinyon nan kèk dizèn lang epi nou te bay sèvis entèpretasyon similtane.
  • Itilize mo ki senp. Teknik sa a se yon priyorite pou chak lang, menm pou anglè. Nou vle pou moun yo konprann mesaj nou epi nou vle pou li fasil pou yo tradui l. Sa valab tou pou fason nou bay fòmasyon. Li pi fasil pou patisipan yo sonje enfòmasyon yo si nou prezante yo ti kras pa ti kras. Franchman, se yon bagay ki aplike pou tout moun, kèlkeswa lang yo oswa kilti yo!

OSHA ap bati pwòp kilti pa l, kote bay moun enfòmasyon nan lang yo, yon fason ki adapte ak kilti yo, se yon bagay ki parèt nan tout sa n ap fè, yon bagay ki fè pati woutin nou. Mwen kontan aprann genyen lòt moun k ap travay di pou fasilite kominikasyon yo epi pou ede moun yo jwenn enfòmasyon nan lang pa yo nan objektif pou ede moun yo travay an sekirite.

Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon oswa si w ta renmen kolabore avèk OSHA, ale sou osha.gov/workers oswa kontakte nou nan 202-693-1999.

 

Frank Meilinger se direktè kominikasyon pou Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la. Suiv OSHA sou X nan @OSHA_DOL ak sou LinkedIn.