Kèk nouvo rapò sou travay timoun ak travay fòse nan monn nan: 3 leson pou sonje

Senk travayè ki gen rad blan ap itilize gwo rato nan yon gwo pil koton.
Moun k ap travay nan yon faktori koton nan konte Awat, yon rejyon otonòm Xinjiang Uygur nan nòdwès peyi Lachin. Dwa dotè Imago/Alamy Stock Photo/Alamy.

Nan rapò ki gen tit “Lis byen ki pwodui pa mwayen travay timoun oswa pa mwayen travay fòse” ki pibliye jodi a, Biwo Afè Travay Entènasyonal la montre jan eksplwatasyon travayè yo se yon gwo pwoblèm ki afekte plizyè milyon moun e ki gen rapò ak lòt pwoblèm ki ijan nan monn nan. Men ki twa gwo tandans ki parèt:

Eksplwatasyon travayè yo se yon pwoblèm k ap ogmante toupatou nan monn nan

An 2022, lis nou an te gen 159 byen nan 78 peyi, men jounen jodi a, li rive nan 204 byen nan 82 peyi ak rejyon. Nou te ajoute 72 nouvo atik nan diferan sektè, tankou byen konsomasyon, elektwonik, rad, twal ak fabrikasyon endistriyèl. Ogmantasyon sa a montre efò k ap fèt pou goumen kont eksplwatasyon travayè yo pa ase pou jere chanjman k ap fèt nan sektè fabrikasyon mondyal la.

Jounen jodi a, chenn apwovizyònman yo konplike anpil epi y ap plede chanje. Yo afekte anpil peyi ak rejyon, epi yo gen anpil diferan nivo ladan yo. Sa fè l difisil pou n konnen fason konpayi yo itilize travayè yo, sitou nan nivo pwodiksyon an. Mete sou sa, konsomatè yo mande pwodui ki bon mache, gen anpil presyon pou redui depans ki fèt yo epi konpayi yo toujou ap chèche fè plis benefis. Tout bagay sa yo kreye yon seri kondisyon ki pèmèt pratik eksplwatasyon travayè yo kontinye fè ravaj. Nan etid nou te mennen an, nou pa t gade kèk ensidan kote konpayi yo te vyole lwa sou travay yo, men nou te egzamine sitiyasyon chenn apwovizyònman global la.

Toujou gen plis mineral ki esansyèl

Kounye a, genyen 12 mineral ki esansyèl yo pwodui pa mwayen travay timoun oswa pa mwayen travay fòse. Anpil nan mineral sa yo enpòtan anpil pou teknoloji ekolojik yo, tankou pwodui solè yo ak machin elektrik yo. Nan peyi Repiblik Demokratik Kongo, Zanbi ak Bolivi, gen timoun ki desann nan min pou fouye kobalt, lityòm ak lòt mineral ki esansyèl. Se moun ki nan travay fòse k ap travay avèk aliminyòm ak polisilikòn nan peyi Lachin, nikèl nan peyi Endonezi ak kobalt nan peyi Repiblik Demokratik Kongo. 

Tandans sa a prezante yon pwoblèm ki vin pi rèd chak jou, yon pwoblèm nou pa ka annik fèmen je nou sou li: nou bezwen plis enèji pwòp, men nou bezwen pwoteje travayè ki vilnerab yo tou. Piske monn nan bezwen plis mineral ki esansyèl, fòk nou jwenn solisyon pou pwoblèm eksplwatasyon travayè yo san pèdi tan. Si nou pran twòp tan pou nou fè sa, se plis timoun ki pral desann nan min ki danjere, se plis travayè ki pral sibi eksplwatasyon, epi se plis abi ki pral fèt nan chenn apwovizyònman yo.

Dominasyon Lachin nan sektè pwodiksyon global la chita sou eksplwatasyon travayè yo

Depi 2016, gouvènman chinwa a enpoze travay fòse sou Ouygou yo ak lòt gwoup etnik ki se minorite nan rejyon Xinjiang. Ane sa a, nou te ajoute sis lòt byen yo pwodui pa mwayen travay fòse nan peyi Lachin sou lis nou an: soud kostik, silisyòm pou endistri metalijik la, klori polivinil, aliminyòm, jijib ak chatwouj. Sa vle yo pwodui byen sa yo pa mwayen travay fòse nan plis chenn apwovizyònman global, soti nan elektwonik rive nan teknoloji enèji renouvlab.

Byenke tandans sa yo grav anpil, gen kèk pwogrè ki fèt tou. Genyen kat byen nou retire nan lis la: blouberi nan peyi Ajantin, sèl nan peyi Kanbòdj, ekrevis nan peyi Tayland ak fliyorit nan peyi Mongoli, poutèt gen prèv ki montre yo pa itilize travay timoun pou pwodui yo ankò, apa kèk ensidan ki izole. Sepandan, pwogrè konpayi yo fè pou aji yon fason ki responsab ak pwogrè gouvènman yo fè pou goumen kont travay timoun yo se pa pwogrè ki fèt rapid. Dènye rapò nou an ki gen tit "Sa nou konstate sou fòm travay timoun ki pi grav yo" montre aklè nan ki domèn gouvènman yo pa fè ase efò. Pa egzanp, 60% nan rekòmandasyon nou bay gouvènman yo gen rapò ak ranfòse lwa ak règlemantasyon yo, epi fè yo aplike yo yon fason ki pi efikas.

Yon apèl alaksyon

Pou regle pwoblèm sa yo ki pèsiste, gouvènman yo dwe travay nan tèt ansanm ak konpayi yo san pèdi tan.

  • Gouvènman yo dwe ranfòse epi fè aplike lwa sou travay yo, yo dwe mete sou pye pwogram sosyal pou ede moun yo soti nan pòvrete, epi yo dwe bay tout moun posiblite pou yo jwenn yon edikasyon ki bon kalite.
  • Konpayi yo dwe siveye tout chenn apwovizyònman yo, yo dwe veye pou enfòmasyon yo sikile yon fason ki transparan, yo dwe travay avèk tout aktè ki konsène yo epi yo dwe rann tout moun ki travay avèk yo responsab pou aksyon yo.
  • Ni gouvènman yo ni konpayi yo dwe defann dwa travayè yo. Yo dwe pèmèt travayè yo eksprime yo epi yo dwe bay yo pouvwa pou yo negosye ansanm pou yo jwenn pi bon salè ak pi bon kondisyon travay.

Chenn apwovizyònman global yo konplike anpil, men sa pa yon eskiz pou rete bra kwaze. Kounye a, se moman pou adopte yon seri apwòch ki nouvo, ki konplè e ki chita sou kolaborasyon pou tout moun itilize pratik ki respekte etik la nan lemonnantye.

Pou jwenn plis enfòmasyon, konsilte dènye rapò nou yo.

 

Marcia Eugenio se direktris Biwo Travay Timoun, Travay Fòse ak Trafik Moun nan, ki fè pati Biwo Afè Travay Entènasyonal la. Suiv ILAB sou X/Twitter nan @ILAB_DOL ak sou LinkedIn.