6 etap pou fè yon analiz risk nan travay ki efikas

on ilistrasyon ki montre yon detektiv k ap dekouvri yon risk sou yon zòn travay ak tèks “Chèche risk yo pandan semèn sennesòf 2024 la.”

 

Tout zòn travay yo gen risk pwofesyonèl. Kit ou se yon travayè k ap travay yon kote ki wo sou yon chantye konstriksyon, kit ou gen pou manyen yon pwodui chimik pandan w ap fè jaden, kit ou gen pou leve bagay ki lou nan yon depo, ou fè fas ak risk ki ka lakòz ou blese, ou malad oswa menm ou mouri.

Ki sa yon analiz risk nan travay ye?

Yon analiz risk nan travay (job hazard analysis, JHA) ede w idantifye epi kontwole risk ou poko rekonèt yo ansanm ak risk ki gendwa parèt pi devan yo lè gen chanjman ki fèt, pa egzanp lè yo vini ak yon nouvo pwosesis oswa lè yo enstale yon nouvo ekipman. 

Objektif tout JHA yo se dekouvri:

  • Konsekans ki ka rive yo ak sitiyasyon ki ka pi mal yo 

  • Fason yon ensidan ka fèt

  • Faktè ki kontribye pou risk la

  • Chans ki genyen pou yon ensidan fèt

  • Sa ou ka fè pou kontwole risk la

Pwosesis pou idantifye e pou evalye risk ak sitiyasyon ki gen risk yo se yon pwosesis ki enpòtan anpil ki dwe fèt san rete. Li dwe fè pati nenpòt pwogram sekirite ak sante ki efikas.

Diferan etap ki nan analiz risk nan travay la

An infographic showing 6 steps for taking the mystery out of job hazard analysis. 1: Select and prioritize jobs to analyze. 2: Analyze all steps of the job. 3: Look for hazards. 4: Describe the hazards. 5. Select, install, maintain and review controls. 6. Review your job hazard analysis.

1. Chwazi travay ou gen pou analize yo epi detèmine sa ki priyorite yo

Lè w ap fè yon JHA, kòmanse ak travay kote moun ka blese oswa malad grav, oubyen ak travay kote sa rive souvan pou moun blese oswa moun prèske fè aksidan. Kominike avèk TOUT travayè w yo epi egzamine dosye w yo pou fè chwa sa a. 

2. Analize tout etap ki fè pati travay la

Apre ou fin chwazi yon travay pou analize, egzamine tout detay ki gen rapò ak travay la. Se yon bagay ki enpòtan anpil paske travayè yo ak kapab repase JHA a pou yo pi byen prepare pou fè travay la an sekirite. Ou ka anrejistre videyo epi fè foto pou dekri pwosesis sa a.

3. Analize tout etap ki fè pati travay la

Kounye a, idantifye tout risk ki mache ak travay la. Egzamine tout dosye ki te prepare lè moun te blese oswa lè moun te tonbe malad, epi mande tèt ou se ki sitiyasyon ki pi mal ki te ka rive akoz risk yo. An jeneral, risk yo ka klase nan kategori sa yo: risk ki gen rapò ak machin, risk ki gen rapò ak obstak fizik, risk byolojik, risk chimik ak risk ègonomik.

4. Dekri risk yo

Ou fèk idantifye risk ki mache ak travay la. Kounye a, aji menm jan ak yon detektiv epi chèche konnen: Kiyès risk la afekte? Kisa ki lakòz risk la? Ki lòt faktè ki ka kontribye pou risk la? Kilè risk la gen plis chans pou l afekte travayè yo? Ki kote travay la fèt? Epitou, se ki diferan rezon ki ka lakòz yon aksidan rive? 

5. Chwazi kontwòl yo, kenbe yo epi revize yo

Apre ou dekri risk yo, esplike mwayen k ap pi efikas pou kontwole risk la e pou anpeche moun blese. Suiv priyorite metòd kontwòl yo: 1) eliminasyon, 2) ranplasman, 3) kontwòl teknik, 4) kontwòl administratif ak 5) ekipman pwoteksyon endividyèl.

6. Repase analiz risk nan travay ou a

Felisitasyon! Ou fin fè yon JHA! Dènye bagay la, se repase JHA a epi kontinye mete l ajou chak lè gen chanjman ki fèt nan travay la.

Enskri nan semèn sennesòf la!

Èske ou pare pou aplike yon JHA? Nan mwa out sa a, vin jwenn nou pou semèn sennesòf la epi ede nou nan aktivite Chèch risk yo pou dekouvri kèk risk pandan n ap fè yon analiz risk nan travay. Enskri nan semèn sennesòf la epi patisipe nan konvèsasyon sou Entènèt la sou #SafeAndSoundAtWork.