8 bagay pou w konnen sou règ OSHA pwopoze sou chalè a

Yon travayè konstriksyon ki chita deyò anba lonbray, ki kenbe kas li nan men li epi k ap bwè dlo nan yon boutèy plastik transparan.

Chalè se youn nan prensipal fenomèn metewolojik ki lakòz moun mouri Ozetazini. Mete sou sa, se yon gwo danje pou anpil travayè, ni anndan, ni deyò. Se pou rezon sa a Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la te pwopoze yon nouvo nòm ki t ap pwoteje anviwon 36 milyon travayè kont danje ki gen rapò ak chalè a.

Nou te resevwa anpil kesyon konsènan règ nou pwopoze a. Men kèk repons pou kèk nan kesyon anpil moun poze. Sepandan, sonje sa: etandone se yon règ nou pwopoze, li kapab chanje selon sa piblik la di nou:

1. Ki travayè ki sipoze afekte?

Nenpòt moun ki travay deyò oswa anndan nan endistri jeneral la, nan konstriksyon, nan sektè maritim nan ak nan sektè agrikilti a, depi OSHA gen konpetans sou yo. Sa gen ladan l anpil metye kote nou konnen travayè yo fè fas ak gwo risk akoz danje ki mache ak chalè a, tankou moun k ap travay nan jaden yo, moun k ap travay nan restoran yo, moun k ap travay sou chantye konstriksyon yo, chofè k ap fè livrezon yo ak anpil lòt moun ankò. Nan Eta ki gen pwòp plan yo, OSHA siveye plan sa yo pou yo ka gen menm efikasite oswa plis efikasite pou yo pwoteje travayè yo epi pou anpeche yo blese, pran maladi oswa mouri nan travay yo.

2. Kiyès ki pa afekte?

Moun ki nan teletravay; moun ki travay san pa gen yon atant rezonab pou yo ekspoze ak yon endis chalè ki nan 80°F oswa plis (anndan oswa deyò); moun ki fè travay yo nan zòn ki anndan oswa nan machin kote èkondisyone a konn kenbe tanperati a anba 80 °F; sekouris yo; moun k ap fè aktivite yo anndan sa yo pa kite lokal yo, tankou moun ki chita nan biwo; ak travayè ki gendwa ekspoze ak yon endis chalè ki nan 80°F oswa plis pou yon ti tan sèlman (15 minit oswa mwens pandan nenpòt peryòd 60 minit).

3. Kijan yo pral idantifye danje ki gen rapò ak chalè a kote m ap travay la?

Pou travay ki fèt deyò a, anplwayè yo t ap gen pou yo siveye previzyon pou endis chalè lokal la (tanperati + imidite) oswa yo t ap gen pou yo mezire endis chalè a oswa sa yo rele “tanperati nan tèmomèt-glòb mouye” a (web bulb globe temperature, WBGT). 

Pou travay ki fèt anndan an, anplwayè yo t ap gen pou idantifye nenpòt zòn travay kote ekspozisyon ak chalè a ka danjere, epi yo t ap gen pou yo mete sou pye epi aplike yon plan siveyans pou mezire endis chalè a oswa WBGT a pou zòn sa yo. 

4. Kisa k rive lè endis chalè a rive nan 80°F kote m ap travay la?

Yon endis chalè ki nan 80°F se premye limit chalè a. Nan premye limit chalè a, anplwayè a sipoze:

  • veye pou travayè yo gen aksè nan yon sous dlo potab ki frèt (omwen 1 lit pou chak èdtan)
  • pèmèt travayè yo jwenn pòz kote yo toujou touche salè yo, si sa nesesè
  • nan sit travay ki deyò yo, bay travayè yo youn oswa plizyè zòn ki aksesib pou yo repoze, ki gen lonbray OSWA ki gen èkondisyone si yo nan yon espas ki fèmen, tankou yon karavàn, yon machin oswa yon lòt lokal ki fèmen
  • nan sit travay ki anndan yo, bay travayè yo youn oswa plizyè zòn ki aksesib pou yo repoze, ki gen èkondisyone OSWA ki gen plis lè k ap sikile epi, si sa apwopriye, ki gen dezimidifikasyon
  • aplike yon plan aklimatizasyon pou premye semèn travay moun ki fèk anboche yo ak anplwaye ki rekòmanse travay apre yon peryòd yo te fè san yo pa t travay
  • kominike regilyèman avèk anplwaye yo

Nan limit gwo chalè a, sètadi lè endis chalè a rive nan 90°F, anplwayè a sipoze fè lòt bagay sa yo tou:

  • bay travayè yo yon minimòm 15 minit pòz chak dezèdtan kote yo toujou touche salè yo (yon pòz pou manje, kit yo touche pandan pòz sa a, kit yo pa touche, ka sèvi kòm pòz pou yo repoze tou)
  • mete sou pye yon sistèm obsèvasyon pou verifye si anplwaye yo pa gen siy ni sentòm ki montre yo gen yon maladi ki gen rapò ak chalè
  • kenbe yon kominikasyon ki efikas avèk anplwaye k ap travay poukont yo, kote yo kontakte anplwaye yo epi yo jwenn yon repons nan men yo omwen yon fwa chak dezèdtan
  • bay anplwaye yo esplikasyon sou danje ki mache ak chalè a, pa egzanp sou enpòtans pou yo bwè dlo, pou yo pran pòz, pou yo repoze epi pou yo respekte machasuiv ki la pou sove lavi yo nan ka ijans

5. Èske anplwayè yo ap gen obligasyon pou yo bay fòmasyon sou danje ki gen rapò ak chalè a?

Wi. Pwopozisyon an egzije pou sipèvizè yo, kowòdonatè sekirite chalè yo ak anplwaye yo jwenn yon premye fòmasyon ak yon fòmasyon rapèl chak ane, ansanm ak yon fòmasyon pou kèk ka espesifik, pa egzanp pou yo konnen sa pou yo fè si yo blese oswa yo tonbe malad akoz chalè a kote y ap travay la. 

6. Èske règ ki pwopoze a gen yon plan aklimatizasyon ladan l?

Wi. Yon bagay nou konnen, sèke sou chak 4 travayè ki mouri akoz chalè, genyen 3 ki mouri pandan premye semèn travay la. Règ nou pwopoze a t ap egzije pou anplwayè yo suiv yon pwosesis aklimatizasyon pou premye semèn travay la pou tout nouvo anplwaye yo ak anplwaye ki rekòmanse travay apre yo te rete san yo pa t travay pandan plis pase 14 jou. 

Règ ki pwopoze a bay de opsyon pou aklimatizasyon an: suiv yon plan kote anplwayè a aplike egzijans ki mache ak premye limit chalè a pou pi piti oswa suiv yon pwogram ki pèmèt travayè yo ogmante ekspozisyon yo ak chalè a ti kras pa ti kras. 

7. Kisa règ la prevwa pou pwoteje travayè yo pandan yon ijans ki gen rapò ak chalè?

Nan kad plan prevansyon blesi ak maladi akoz chalè nan travay la, anplwayè yo gen obligasyon pou yo prepare yon seri enfòmasyon pou sit travay yo pou evalye epi pou kontwole danje ki mache ak chalè a nan travay la. Sa gen ladan l defini machasuiv ak mezi ki pou pran sanzatann pou ede yon anplwaye ki fè fas ak yon ijans ki gen rapò ak chalè oswa ki gen siy maladi ki gen rapò ak chalè.

8. Kijan mwen ka di sa mwen panse sou règ ki pwopoze a?

Pou ede nou prepare règ final la, voye remak ou yo sou Rejis Federal la nan dat 30 desanm pou pi taMen kèk konsèy pou voye yon remak k ap itil nou:

  • Rakonte eksperyans ou. Nan remak ou, esplike nou ki efè pwoblèm nan genyen sou ou, sou lòt travayè oswa sou sektè w. 
  • Bay tout detay ou kapab. 
  • Voye kèk lide oswa sijesyon ou genyen pou ede nou jere pwoblèm nan.
  • Lè sa posib, voye done, etid ak prèv pou kore sa ou di a.

Gade sit osha.gov/heat-exposure/rulemaking pou jwenn plis enfòmasyon sou règ ki pwopoze a ak sou odisyon piblik ki pral fèt pi devan an.

 

Doug Parker se sekretè asistan nan Depatman Travay la pou sekirite ak sante nan travay la. Suiv OSHA sou X/Twitter nan @OSHA_DOL ak sou LinkedIn.