Fason n ap fè lavi mari ak madanm militè yo pi fasil

Anne Danhoffer kanpe pou yon foto avèk mari li, Mike, ki gen yon inifòm Èfòs Etazini sou liNan mwa novanm, nou selebre veteran yo ak fanmi yo ki pèmèt yo sèvi. Mwen fyè dèske Depatman Travay la rekonèt tout kontribisyon ak sakrifis fanmi militè yo fè. Depatman an travay di pou ede yo simonte difikilte yo rankontre yo.

Mari mwen se yon veteran Èfòs la ki fèk pran retrèt li apre 20 an sèvis. Mwen byen konnen ki difikilte fanmi sa yo jwenn, sitou nan domèn anplwa. Lè yo te asiyen mari mwen nan yon pòs aletranje sa gen katran, mwen te oblije kite yon travay mwen te renmen epi rekòmanse tout bagay nan yon nouvo peyi. Pi devan, lè m te retounen Ozetazini, mwen te fè fas ak yon lòt tranzisyon ki difisil pou m jwenn yon djòb. Mwen kontan dèske mwen kòmanse travay pou Biwo pou Fi yo, kote mwen kapab sèvi ak eksperyans mwen antanke madanm yon militè pou ede moun k ap prepare règleman ak pwogram yo e pou fè bagay yo pi fasil pou lòt moun ki fè fas ak menm tranzisyon sa yo.

Biwo pou Fi yo analize done yo ak rechèch ki fèt yo, li travay nan tèt ansanm ak plizyè patnè ki benefisye sibvansyon epi li pwograme yon seri evènman pou ede tout moun jwenn bon djòb, san rete mari ak madanm militè yo. Men yon webinè ki enpòtan nou pral òganize talè konsa: nan dat 22 novanm, nou pral pale avèk Hampton Roads Workforce Council, ki se yon òganizasyon ki te jwenn sibvansyon ki rele Fi nan Aprantisaj ak nan Metye Non-Tradisyonèl (Women in Apprenticeship and Nontraditional Occupations, WANTO) an 2022. Nou pral pale sou bon pratik pou ede veteran fi yo ak mari ak madanm militè yo jwenn bon anplwa.

Genyen prèske 580,000 moun ki marye avèk yon militè. 90% nan yo se fi yo ye. Pou moun sa yo, menm jan avè m, karyè yo depann de kote yo voye mari yo oswa madanm yo. To chomaj nou an pou sivil yo se 21%, alòske to sa a nan 4% sèlman pou tout peyi a. Genyen anpil nan nou ki pa travay oswa ki gen yon djòb ki depaman ak konpetans nou yo, etid nou te fè yo oswa eksperyans nou genyen an. Lè yon moun marye avèk yon militè, l ap plede demenaje, konsa li pa ka kenbe menm djòb la pou anpil tan. Akoz sitiyasyon sa a, nou vin pa gen estabilite nan revni nou touche yo, nou pa ka devlope karyè nou epi nou ka santi nou fristre nan pwofesyon nou.

Epi, menm si w rive jwenn yon djòb, li pa fasil pou jwenn yon moun oswa yon sèvis k ap byen pran swen pitit ou pou yon pri ki kòrèk. Souvan, fanmi militè yo demenaje nan zòn kote yo pa gen yon rezo sipò pèsonèl. Gen kèk baz militè ki ofri sèvis gadri, men sèvis sa yo konn limite tou. Lis datant yo kapab long, konn gen anpil moun ki mande sèvis sa a epi orè yo ka pa fin bon. Konsa, li ka difisil pou jwenn yon moun oswa yon sèvis pou pran swen timoun yo selon bezwen w yo, sitou si mari oswa madanm militè a gen yon orè ki iregilye oswa si li travay amitan. Mete sou sa, etandone mari ak madanm militè yo konn pa travay ase, yo gendwa pa ka peye pou yon sèvis gadri tradisyonèl oswa pou yon pwogram kote yo anseye timoun pitit yo. 

Sepandan, sitiyasyon an ap amelyore. Administrasyon Biden-Harris la te pran kèk mezi ki enpòtan pou ede mari ak madanm militè yo simonte obstak sa yo, sitou sa ki travay pou gouvènman federal la. Kounye a, anplwaye federal ki marye ak militè yo kapab kenbe djòb yo menm si yo voye fanmi yo yon lòt kote. Sa pèmèt yo gen plis estabilite, ni nan karyè yo, ni nan fanmi yo.

Epitou, depi janvye 2023, li pi fasil pou militè yo ak mari oswa madanm yo transfere lisans pwofesyonèl yo nan lòt Eta lè fòs militè yo mande yo demenaje. Ajisteman sa a elimine youn nan pi gwo pwoblèm ki egziste pou mari ak madanm militè yo ki travay nan yon pwofesyon ki mande yon lisans.

Pandan mwa rekonesans pou fanmi militè yo, mwen ta renmen di tout fanmi militè yo mèsi pou sèvis yo ak andirans yo. Annou kontinye travay pou fè lavi yo pi fasil. Men kèk resous ki ka itil:

Anne Danhoffer se yon konseye sennyò nan Biwo pou Fi yo nan Depatman Travay Etazini an.

Mo Kle yo:

PATAJE SA: